Sèn restoran Filadèlfi k ap pwofite a te ede vil nou an vin yon destinasyon entènasyonal. Anpil nan restoran nou yo se pou pwopriyetè nan zòn lan epi yo reflete moun, andwa, ak gou entènasyonal popilasyon nou an. Vil Filadèlfi an rekonèt sèvis enpòtan anpil ke restoran yo bay vil nou an pandan y ap kreye djòb, kreye yon santiman kominote epi amelyore ekonomi an.

Atansyon pwopriyetè restoran nan Filadèlfi yo! Èske ou te konnen? 

Pandan pandemi an, Vil Filadèlfi te bese anpèmanans ak 15% frè livrezon maksimòm ke tout platfòm livrezon tyès pati yo ka fè biznis ou a peye.

Konnen dwa ou yo

Dapre Pwojè lwa Nimewo 210670, yo dwe ofri tout etablisman manje yo yon limit siperyè frè 10% pou frè livrezon + yon limit siperyè 5% pou nenpòt frè ki pa frè livrezon. Nenpòt frè oswa lòt frè yon sèvis livrezon tyès pati chaje yon biznis manje ki depase 15% maksimòm ki etabli a se bagay ki ilegal li ye, sof si biznis manje a te chwazi frè ki pi wo an echanj sèvis anplis.

Objektif frè livrezon maksimòm yo

An 2020, yo te etabli lejislasyon kòm repons ak biznis manje yo ki te fè konnen frè livrezon wo yo te afekte kapasite yo pou opere, anplis de maj pwofi ki ba yo. Vil Filadèlfi te espere lwa sa a ta bay yon nivo pwoteksyon anplis pandan rekiperasyon ekonomik ak pi devan.

Vil Filadèlfi rekonèt ke sèvis livrezon tyès pati yo pèmèt kliyan yo pwofite de restoran prefere yo ankò lakay yo. Sa ede biznis manje yo rive atenn yon reyon kliyan yo ki pi gwo. Anpil restoran konte anpil sou manje a-anpòte ak livrezon. Pakonsekan, pou fè ekilib ant bezwen ni platfòm livrezon yo ni biznis manje yo, nou te mete limit siperyè frè livrezon maksimòm lan nan 15%. Nou rete angaje pou ede tout biznis derape, louvri, opere, epi grandi avèk siksè.

Kijan pou verifye frè livrezon ou ki pi resan yo

Yo rekòmande pou tout biznis manje yo pou asire ke platfòm livrezon manje yo pa chaje kont yo a plis pase 15% frè livrezon maksimòm lan (10% pou livrezon, 5% pou nenpòt lòt frè) sof si yo chwazi pou patisipe nan sèvis anplis ak yon to frè ki pi wo.  Asire ke w tcheke imèl ou pou nenpòt dènye nouvèl sou platfòm livrezon an konsènan kontra w ak/oswa estrikti frè ou, verifye reglaj kont ou, epi kontakte platfòm livrezon w lan si sa nesesè, tankou:

Soumèt yon plent ofisyèl, si sa nesesè

Antanke yon biznis manje, si w te kontakte platfòm livrezon w lan epi y ap fè w peye toujou plis pase limit siperyè 15% an, ou ka rapòte non-konfòmite bay Vil Filadèlfi pou siyale yon vyolasyon. Pou soumèt yon plent, kontakte Biwo Sèvis Biznis lè w rele nan (215) 683-2100 oswa voye yon imèl bay business@phila.gov.

Yo pral mande w pou soumèt sa ki pral site la yo:

  • Non konplè ak enfòmasyon kontak pwopriyetè biznis manje a (yo) ak/oswa manadjè (yo).
  • Kopi piblisite (yo), paj wèb (yo), oswa ekran aplikasyon mobil (yo) pou platfòm livrezon an ki montre non biznis manje lan, imaj, oswa IP epi/oswa ki manke divilgasyon apwopriye pou frè yo.
  • Kopi meni oswa sit entènèt biznis manje w lan ki montre non l, imaj li ak IP li.
  • Dosye kòmann/fakti acha biznis manje a ki montre (a) revni pou chak kòmann sou entènèt anpasan pa platfòm livrezon an, ak (b) frè ki peye pou chak kòmann sou platfòm lan.
  • Deklarasyon pwopriyetè a (yo) oswa manadjè a (yo) bay ki endike:
    • “Mwen afime sèvis livrezon an depase 10% ak/oswa lòt sèvis depase 5% kòmann acha a; EPI pa gen anvigè okenn akò ant biznis manje a ak sèvis livrezon an ki otorize frè ki pi wo dapre 9-5104(2).”

Kontakte nou

Nou la pou ede.

Restoran ak lòt biznis manje ki itilize sèvis livrezon yon tyès pati ka kontakte Office of Business Services (Biwo Sèvis Biznis) la nan Department of Commerce (Depatman Komès) la pou asistans sèl a sèl; pou fè sa, rele nan (215) 683-2100 oswa voye yon imèl bay business@phila.gov.

Nou apresye fidbak sou machaswiv sa yo. Depatman Komès la travay deprè avèk patnè devlopman ekonomik ak lidè yo nan endistri ospitalite a, tankou Asosyasyon Restoran ak Ebèjman Pennsilvani (Pennsylvania Restaurant and Lodging Association, PRLA) pou ede restoran yo epi reponn ak bezwen ou yo.

Depatman Komès se katalizè ekonomi vil Filadèlfi pou ede biznis yo derape, opere, grandi ak pwospere.